Top
KISA OU KA FÈ AK KAT VITYÈL NOU YO?

🌍Fè tranzaksyon an liy nan nenpòt peyi💰

KatVit pèmèt ou kreye kat vityèl ou pou w fè tranzaksyon sou entènèt osnon tout kote ki aksepte Google Pay ak Apple Pay. Itilize kat vityèl ou pou w fè tranzaksyon san efò kèlkeswa kote ou ye. Konsa tou, ou ka rechaje kat debi vityèl Kripto, Visa osnon MasterCard ke OMNI Kredi ofri w yo pou w achte machandiz pou biznis ou a distans. Ak KatVit, ou ka:

01

Achte

Fè acha sou entènèt fasilman ak sekirite sou sit tankou AliExpress, Netflix, Facebook, Google Advertising, Amazon, elatriye.

02

Resevwa

Resevwa lajan sou kont ou rapidman soti nan nenpòt ki kote nan mond lan sitou nan men moun ki gen PayPal, Zelle, CashApp, Venmo, elatriye.

03

Touche

Touche lajan dirèkteman sou kat ou nan men itilizatè nou yo osnon pa kat Debi/Kredi nan men nenpòt lòt moun gras ak lyen pèman OMNIPlus yo.

04

Retire

Retire byen fasil tchotcho fanmi w ak zanmi w ki laba depoze sou kat ou. Konekte kont labank ou, MonCash, NatCash, elatriye pou w fè retrè.

05

Transfere

Transfere lajan ki sou kat debi w osnon sou balans kont OMNIPlus ou yo bay nenpòt lòt moun nan mezon transfè yo oubyen nan app OMNIPlus la.

06

Peye Dèt

Peye bòdwo ak dèt ou yo atravè lemond san efò epi nan bon jan sekirite lè w itilize dirèkteman balans KatVit ou, OMNI Kredi w osnon OMNIPlus.

07

Peye

Ajoute kat vityèl ou nan wallet ou sou telefòn pòtab ou epi peye ak GooglePay osnon ApplePay nan tout biznis ki aksepte pèman "NFC" osnon Tap2Pay.

Kreye kat debi paw la nan yon klik kounye a

KIJAN POU W GENYEN YON KONT NAN KATVIT?

🌍 3 etap pou kreye kont lan 🌍

Kreye kat Visa, Mastercard, osnon Kripto ou bezwen an. Sèvi ak kat la jan ou vle. Men kisa ou dwe fè pou w kreye kont ou lè w fin telechaje app OMNIPlus la sou smartphone ou:

Etap 1

Kreye yon kont

Enskri sou platfòm OMNI Kredi yo (tankou OMNIPlus) epi kreye yon kont pèsonèl.

Etap 2

Verifye idantite w

Pase pwosesis verifikasyon an pou sekirize kont ou ak tranzaksyon ou. Li pran 5 minit sèlman.

Etap 3

Tann verifikasyon an

Rete tann administratè sistèm OMNI Kredi a verifye idantite w avan menm ou kontinye.

Enskri kounye a

KIJAN POU W JWENN KAT VITYÈL LA?

🔑 5 etap pou w kreye kat la 🔑

Aprè kont ou fin verifye, swiv 5 etap sa yo pou w ka kreye kat vityèl ou byen fasil:

Etap 1

Rechaje Kont Ou

Rechaje kont OMNI Kredi w nan app la ak MonCash, NatCash, Cash App, Zelle, Venmo, PayPal, Stripe, Interac, elatriye.

Etap 2

Verifye Pwofil Ou

Ale nan Pwofil ou, mete adrès lakay ou an Ayiti osnon nenpòt lòt peyi kote w ap viv la. Men pou Zip Code la, mete 10001. Aprèsa, anrejistre li.

Etap 3

Klike Sou "Virtual Cards"

Lè kont ou fin rechaje, ale nan ekran prensipal app la ankò epi chwazi "Virtual Cards" pou w ka kreye kat ou nan kèk segond.

Etap 4

Kreye Kat Ou

Klike sou “Create” epi chwazi ki montan ou bezwen sou kat ou a plis ekivalan 10 USD frè aktivasyon pou sèvis yo.

Etap 5

Konfime Enfòmasyon w

Si l mande w pou yon kòd postal, mete Zip Code 10001 an ak adrès ou te mete nan pwofil ou a. Konfime detay yo pou w fini.

Kat vityèl ou gentan pare otomatikman pou w itilize li!

Jwenn kat pa w la kounye a

KIJAN POU W RECHAJE KAT VITYÈL LA?

🔑 5 etap pou w rechaje kat la 🔑

Aprè kat vityèl ou fin kreye, swiv 5 etap sa yo pou w ka rechaje kat vityèl ou byen fasil:

Etap 1

Rechaje Kont Ou

Rechaje kont OMNI Kredi w nan app OMNIPlus la ak MonCash, NatCash, Cash App, Zelle, Venmo, PayPal, Stripe, Interac, elatriye.

Etap 2

Klike Sou "Virtual Cards"

Lè kont ou fin rechaje, ale nan ekran prensipal app la ankò epi chwazi "Virtual Cards" pou w ka rechaje kat ou nan kèk segond.

Etap 3

Chwazi Ki Kat

Si w genyen plizyè kat vityèl sou aplikasyon OMNIPlus la, chwazi kiyès nan kat yo ou vle rechaje a.

Etap 4

Mete Montan an

Mete montan ou vle depoze sou kat la. Sonje frè tranzaksyon yo pa ladan. Epi verifye ke montan an kòrèk.

Etap 5

Konfime Tranzaksyon an

Konfime tranzaksyon an epi lajan an ap otomatikman ale depoze sou kat vityèl ou a. Kite paj la epi retounen pou verifye balans ou.

Itilize kat pa w la kounye a

KESYON & REPONS

Men kesyon yo poze pi souvan yo

Nou bay repons pou kesyon yo poze souvan sou KatVit, tankou fason li fonksyone, kalifikasyon, frè, ak plis ankò. Seksyon sa yo kouvri plizyè aspè nan Kat Vityèl OMNIPlus yo.

Kisa KatVit ye?

KatVit se yon kat debi vityèl ki pèmèt ou fè tranzaksyon sou entènèt fasilman ak sekirite. Ou ka kreye kat vityèl ou nan app OMNIPlus la nenpòt ki kote w ye.

Kijan mwen ka kreye yon kat vityèl ak KatVit?

Ou ka kreye yon kat vityèl KatVit nan app OMNIPlus la. Ale nan meni prensipal app la, chwazi "Virtual Cards", epi klike sou “Create”. Chwazi montan ou bezwen sou kat ou a ak frè aktivasyon an epi konfime detay yo.

Sonje byen: 1- Ale nan ekran prensipal app la epi chwazi "Reload" pou w ka rechaje kont ou.

2- *Ou dwe mete ekivalan $15 US sou li pou rès etap yo ka reyisi.

3- Lè w fin kreye kat la, ou ka retounen menm kote a pou w chanje adrès ak enfòmasyon nòmal ou.

Kijan mwen ka rechaje kat KatVit mwen an?

Ou ka rechaje kat KatVit ou an nan app OMNIPlus la ak MonCash, NatCash, Cash App, Zelle, Venmo, PayPal, Stripe, Interac, elatriye.

Ki kondisyon ki nesesè pou kreye yon kont KatVit?

Ou dwe gen yon kont OMNIPlus epi verifye imèl ou. Ou dwe ranpli pwofil ou ak enfòmasyon pèsonèl ou epi mete yon adrès ki valid avèk zip code 10001.

Èske mwen ka itilize KatVit entènasyonalman?

Wi, ou ka itilize KatVit pou fè tranzaksyon sou nenpòt platfòm ki aksepte kat Visa ak Mastercard atravè lemond.

Kijan mwen ka retire lajan sou kat KatVit mwen an?

Ou ka retire lajan sou kat KatVit ou an lè ou konekte kont labank ou, MonCash, NatCash, elatriye pou w fè retrè.

Ki frè ki asosye ak kreye epi itilize KatVit?

Gen yon frè aktivasyon 10 USD pou kreye yon kat vityèl KatVit. Frè pou itilize kat la ka varye selon tranzaksyon yo ak platfòm kote ou fè tranzaksyon yo. Toujou tcheke frè yo nan pati kat la nan app OMNIPlus la.

Kijan mwen ka verifye balans KatVit mwen an?

Ou ka verifye balans KatVit ou an nan app OMNIPlus la nan seksyon ki dedye a kat vityèl yo. Balans lan dwe ekri sou kat la.

Eske mwen ka itilize KatVit pou fè acha nan magazen fizik?

Wi, si w ajoute KatVit nan Apple Pay ak Google Pay epi si yo aksepte jan de pèman sa yo kote w ap achte a.

Ki limit tranzaksyon mwen ka fè ak KatVit?

Limit tranzaksyon yo varye selon kont OMNIPlus ou genyen an. Tanpri konsilte app OMNIPlus la pou w wè limit ki aplike pou kont ou. Kat vityèl kripto a pa gen okenn limit sou li.

Eske KatVit gen yon dat ekspirasyon?

Wi, KatVit gen yon dat ekspirasyon tankou nenpòt lòt kat debi. Ou ka wè dat ekspirasyon kat ou a nan app OMNIPlus la.

Kijan mwen ka bloke oswa dezaktive KatVit mwen an si mwen panse li pa sekirize?

Si w panse kat ou a pa sekirize, ou ka imedyatman bloke oswa dezaktive li nan app OMNIPlus la nan seksyon ki dedye a kat vityèl yo.

Kisa mwen ka fè si mwen gen pwoblèm ak yon tranzaksyon?

Si ou gen pwoblèm ak yon tranzaksyon, ou ka kontakte sipò kliyan OMNIPlus la atravè app la osinon vizite sit entènèt nou pou jwenn èd.

Eske KatVit sekirize pou fè acha sou entènèt?

Wi, KatVit sèvi ak teknoloji ki gen sekirite ki pi avanse yo pou pwoteje tranzaksyon ou yo sou entènèt. Ou ka fè acha san kè sote.

Ki jan mwen ka verifye dènye tranzaksyon mwen yo sou KatVit?

Ou ka verifye dènye tranzaksyon ou yo sou KatVit nan app OMNIPlus la nan seksyon "Istwa Tranzaksyon". Tout tranzaksyon yo pral endike klèman pou w ka swiv yo fasilman.

Èske mwen ka itilize KatVit pou pèman otomatik?

Wi, ou ka itilize KatVit pou pèman otomatik sou plizyè platfòm sou entènèt la. Asire w ke balans kat ou a sifizan pou kouvri pèman otomatik yo pou w evite penalite.

Ki jan mwen ka renouvle KatVit mwen an lè l ekspire?

Lè KatVit ou a ekspire, ou ka kreye yon nouvo kat fasilman nan app OMNIPlus la. Swiv menm etap yo pou kreye yon nouvo kat jan ou te fè pou premye fwa a.

play-store
Enstale li sou
Google Play
apple-store
Enstale li sou
Apple Store

Live Chat Icon